Nou ede moun ki andikape yo kontinye viv lakay yo ak fanmi yo, oubyen, si yo chwazi, pou yo viv ak manm kominote a/moun k ap pran swen yo.
Pwogram Swen Fanmi pou Adilt (AFC) la ofri yon opòtinite pou moun ki andikape ki gen plis pase 16 an, ki kalifye pou MassHealth, pou yo kontinye viv lakay yo, avèk fanmi yo, oubyen yo ka chwazi viv avèk manm kominote a/moun k ap pran swen yo.
Yo evalye moun yo pou detèmine nivo bezwen yo, dapre kritè MassHealth yo. Domèn sa yo enkli mobilite, transfè, manje, twalèt, abiye ak benyen. Moun kap bay swen yo ede ak aktivite lavi chak jou sa yo. Chak patisipan nan AFC resevwa yon ekip miltidisiplinè ki gen ladan yon responsab swen ak yon enfimyè ki anrejistre pou kowòdone sèvis medikal ak sosyal yo.
Moun k ap bay swen yo resevwa yon alokasyon san taks ki varye ant $9000 ak $18,000 chak ane, selon nivo bezwen an. Kay AFC yo dwe kalifye pandan pwosesis admisyon an.
Kòm yon pati nan Pwogram AFC a, moun kap bay swen yo resevwa yon minimòm 8 èdtan fòmasyon chak ane, ki gen ladan RCP/Premye Swen.
